AYITI/EDIKASYON: GOUVÈNMAN ARIEL HENRY A FOKIS SOU RANTRE LEKÒL LA.

Chèf gouvènman peyi Dayiti a, Ariel Henry, fè ouvèti lekòl la priyorite li daprè yon mesaj ki poste sou kont ofisyèl fesbouk primati a.

Alòske yon tranbleman tè devastatè sot frape Gran Sid peyi a, notamman twa (3) depatman, chèf gouvènman an, bò kote li, vle fonse tèt dwa sou ouvèti lekòl la e sa se youn nan priyorite li.

« Rantre lekòl la se youn nan prensipal priyorite gouvènman an. Se pou sa, nou pran angajman pou nou debleye espas tout lekòl ki kraze yo », ekri sou paj fesbouk Ariel Henry.

Premye minis ayisyen pwomèt pou li akonpanye tout paran élèv ak pwofesè ki nan twa depatman tranbleman tè a plis frape a. » Nou pral akonpanye paran élèv yo ak pwofesè lekòl ki nan twa depatman ki plis kraze nan tranbleman tè a », pwomèt chèf gouvènman an.

Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) fikse rantre lekòl la pou 6 septanm 2021 k ap vini an.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …