AYITI\ TRANBLEMAN TÈ : MINIS PLANIFIKASYON AK KOPERASYON EKSTÈN LAN VIZITE POU PREMYE FWA KOMIN MIRAGWÀN.

Minis planifikasyon ak koperasyon ekstèn lan (MPCE), Simon Dieusel Desrard, nan tèt yon delegasyon vizite aprè midi vandredi 27 dawout 2021 an delegasyon depatmantal Nip lan epi chita pale ak delege depatman Nip lan Morel Esperance Berard.

Minis Simond Dieusel Desrard, fè konnen vizit sa rantre nan kad vire won li nan Gran Sid la aprè pasaj tranbleman tè 14 dawout 2021 an. Pliwen, Minis Desrard, ki di li ranmase doleyans delegasyon depatmantal Nip pou kapab ale fè swivi yo yon fason pou pèmèt yo pote sipò bay delegasyon an.

Nou ap fè remake, se pou premye fwa minis planifikasyon ak koperasyon ekstèn lan, Simon Dieusel Desrard Vizite Nip depi enstalasyon li.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …