Lidè platfòm pitit Dessalines nan, Moïse Jean Charles, nan yon twit li fè bat bravo lankontman pou peyi LARISI, VENEZYELA E MEKSIK ki reponn prezan bò kote pèp ayisyen an pandan peryòd tranbleman tè a._
« Jodi a se yon rèv anpil ane kap triyonfe, kote Ayiti jwenn solidarite nan moman tranbleman tè a frape Gran Sid peyi a. Venezyela, Lari e Meksik yo di prezan », rejwi ansyen kandida pou pòs prezidan an nan eleksyon prezidansyèl 2015 yo.
Daprè ansyen senatè depatman Nò a, Gwo chin nan wout. » Sa se kòmansman koperasyon Sid/Sid. N ap tann vwazen nou Etazini », ekri sou kont twitè opozan fawouch ak rejim PHTK a.
Jackson junior Rinvil