AYITI/EDIKASYON : PIBLIKASYON REZILTA EGZAMEN NEVYÈM ANE FONDAMANTAL YO SOTI  POU KAT DEPATMAN.

_Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) mete deyò jounen lendi 30 dawout la rezilta egzamen ofisyèl nevyèm ane pou sèlman kat (4) depatman._

« MENFP gen avantaj pou pibliye rezilta egzamen ofisyèl nevyèm ane fondamantal yo pou kat depatman eskolè ki se : Lwès, Sant, Atibonit ak Sidès », ekri nan yon kominike pou laprès ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl mete deyò.

« Daprè done biwo depatmantal bay, rezilta yo prezante konsa : 1) Lwès gen yon to reyisit 83%, swa 65 813 élèv pase sou 78 914 patisipan ; Atibonit gen yon to reyisit 77%, swa 17 303 élèv pase sou 22 715 patisan; Sant gen yon yo reyisit 72%, swa yon yo reyisit 8 587 élèv pase sou 11 937 patisan ; Sidès gen yon to reyisit 84%, swa 6 721 élèv pase sou 8026 patisan », kontinye kominike a.

Daprè MENFP, rezilta pou lòt depatman yo ap disponib nan yon tan ki pa twò long. Sepandan, direktè lekòl ki konsène nan rezilta ki bay yo dwe al retire palmarès lekòl yo nan direksyon depatmantal ki konpetan pou sa apati lendi 30 dawout 2021 an.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …