Ouragan Ida, ki frape dimanch 29 ak lendi 30 dawout 2021 an, Eta « Louisiane » lakoz 2 moun mouri ak anpil dega materyèl epi inondasyon selon deklarasyon gouvènè Eta « Louisiane » lan Jhon Bel Edwards fè sou chèn televizyon entènasyonal « NBC ».
Gouvènè Eta « Louisiane » lan, Jhon Bel Edwards, ki fè konnen ouragan Ida ki pase ak yon rafal van 240 km/h, lakoz pou kounye a yon milyon fwaye ki pagen elektrisite tout nan lannwit lendi 30 dawout la.
N ap siyale, ouragan Ida, ki te retwograde an ond twopikal te pran direksyon aprè midi lendi 30 dawout la, pou Eta » Missippi ».
Dieuva Occidor
Kredi foto:nbc