AYITI/ POLITIK : « PÈP AYISYEN AN BEZWEN YON CHÈF, M SE PÈSONALITE POLITIK EKSPERIMANTE KI KA MENNEN BYEN BAK PEYI A », AFIME JOSEPH LAMBERT

Senatè Joseph Lambert kwè li se pèsonalite politik ki ka byen mennen bak peyi a nan sityasyon difisil Ayiti twouve l jounen jodi a. »Peyi a bezwen yon chèf. Pèp la bezwen yon moun ki pou gouvènè l. Jodi a, san m pa nasisik, m se pèsonalite politik ki gen eksperyans nesesè pou mennen bak la abonpò », deklare senatè Joseph Lambert nan yon konferans pou laprès nan otèl Royal Oasis.

Pa gen dout nan sa, senatè Sidès la kwè nan peryòd difisil peyi a bezwen yon lidè. » Yon nèg pa ka pran tèt mato pou mete l la pou l lage peyi a nan tchouboum », lanse Joseph Lambert devan yon pakèt jounalis ak lidè politik ki te vin sipòte l.

« Animal politik » la ki se konsa yo rele senatè Joseph Lambert, pi lwen fè konnen li se petèt youn nan ra politisyen, nèg k ap fè politik, moun Leta ki ka kreye bò kote l yon gran rasanbleman fòs.  » Nou gen enterè pou nou sezi opòtinite a. Nou bezwen angajman tout moun kit se nan sosyete sivil la kit se nan politik », deklare Joseph Lambert.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …