LEMOND/ AFWONTMAN: POU PI PITI 60 MOUN MOURI NAN 2 JOU NAN PEYI « YEMEN ».

Konfli ki deklanche depi mwa fevriye 2021 an, nan peyi « Yemen » pa sispann fè kadav sòti madi 31 pou louvri mèkredi premye (1) Septanb 2021 an, lakoz 65 moun mouri nan pwovens « Marib », daprè yon responsab nan gouvènman peyi « Yemen » lan.

Batay ant fòs gouvènmantal yo ak plizyè rebèl ki gen plis pase 7 lane lakoz 65 moun mouri nan batay pou reprann fòs lòd yo deklanche pou yo reprann kontwòl pwovens « Marib » ki twouvel nan Nò « Yemen » selon enfòmasyon yon responsab militè bay jounen jedi de (2) Septanb lan.

Toujou daprè responsab gouvènmantal la, ki pa vle non li site fè konnen gen 22 moun mouri ak 50 lòt blese bò kote fòs lòd la epi 43 moun mouri nan kan « houtis » rebèl yo, daprè deklarasyon sous sa a ki pale ak jounal « NBC ».

Nou ap siyale, depi lane 2014 gwoup rebèl yo pran kapital la » Sanaa », kote gwoup rebèl yo ki jwenn sipò yon gwoup militè arab ki ap ede yo simen dezagreman nan peyi « Yemen ».

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …