ETAZINI/ TANPÈT IDA : 44 MOUN POU PITI PÈDI LAVI YO NAN NEW YORK

Tanpèt Ida nan peyi Etazini, patiklyèman nan vil New York lakoz pou piti 44 moun pèdi lavi yo apre yon inondasyon. Yon sityasyon ki lakoz anpil panik nan vil la._

Bilan tanpèt Ida nan vil New York kontinye ap ogmante. Selon otorite yo gen pou piti 44 moun ki gentan mouri apre inondasyon yo. Anplis moun ki mouri yo, gen lòt dega materyèl ki anrejistre akoz pasaj tanpèt Ida a.

Anpil riyèl, wout prensipal transfomè an gwo rivyè nan katye Brooklyn ak Queens. Daprè anpil abitan nan New York sa ki pase a se yon siy otorite dwe bay chanjman klimatik la plis enpòtans e aji an konsekans.

« Se prèv chanjman klimatik la, pètibasyon anviwonmantal yo ak fason nou jere polisyon yo se veritab pwoblèm », deklare Noël, yon abitan nan vil New York.

ETA DIJANS NAN NEW YORK AK NEW JERSEY

Mezon blanch, parapò ak ravaj tanpèt ap fè nan vil New York ak New Jersey deklare eta dijans nan eta sa yo. « Nou tout ansanm. Nasyon an pare pou bay bourad », deklare Joe Biden daprè sa RFI rapòte.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:nbc

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …