LEMOND/ KATASTWÒF : PREZIDAN AMERIKEN AN ANONSE LI PRAL VIZITE VIKTIM OURAGAN IDA.

Ouragan Ida ki pase nan Nòdès peyi Etazini, touye 47 moun prezidan ameriken an Joe Biden, pral vizite viktim nan Eta Nouyòk ak Nou Jèze pou kapab evalye dega ouragan Ida fè yo, selon sa  » Maison Blanche » anonse jounen samdi 4 Septanb lan.

Prezidan Biden, vizite vandredi twa (3) Septanb 2021 an, Eta « Louisiane » ki se te premye Eta ouragan Ida ravaje pandan pasaj li nan peyi Etazini. Pandan pasaj li, nan Eta  » Louisiane », prezidan Joe Biden, mande inite nasyonal kont chanjman klimatik la, ki ap miltipliye dega katastwòf natirèl yo chak fwa yo pase.

Nou ap siyale, ouragan Ida ki pase mèkredi ak jedi de (2) Septanb 2021 an, touye 22 moun nan Eta « Louisiane » ak ven senk (25) lòt nan Eta Nouyòk ak Nou Jèze.

 

 

Kredi foto; BFMTV.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …