AYITI/ENSEKIRITE : WOUT NASYONAL NIMEWO 1 AN GEN ANVIWON 4 JOU BLOKE NAN ZÒN SITE SOLÈY.

Jounen dimanch 5 septanm 2021 an fè anviwon 4 jou depi bandi ak zam bloke wout nasyonal nimewo 1 an nan nivo komin site solèy zòn Douya.

Selon enfòmasyon sal nouvèl Echojounal la rive jwenn sou sijè sa, se yon atak gwoup gang Boston lan kap dirije pa Matyas ensikoni te fè sou yon blennde polisye yo toujou ayè samdi a nan kafou Douya sa lakoz plizyè moun pran bal pami yo chèf gang Boston lan Matyas, dezyèm chèf ki nan do Matyas la kouri kite machin li pou li te ka sove pol.

Aprè alye G9 anfanmi ak alye yo wè chèf twoup la ki se Matyas pran bal kòm konsekans yo bloke wout nasyonal nimewo 1 an.

 

Echo jounal.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …