LEMOND/KOUDETA/IJAN: KOUDETA NAN PEYI GINE, PREZIDAN PEYI A, ALPHA CONDÉ ANBA KÒD.

Koudeta nan peyi Gine. Fòs espesyal yo pran kontwòl kapital la, konakri e yo mete anba kòd prezidan peyi a, Alpha Condé. Gen anpil katouch kap tire jounen dimanch 5 septanm 2021 bò palè nasyonal la.

Kolonèl Mamady Doumbouya, kòmandan an chèf fòs espesyal yo ki ta sanble mennen mouvman « tantativ koudeta » a, pa pran lontan pou l li reyaji nan laprès.

Nan mitan yon pakèt nèg ki gen zam epi antoure ak yon drapo gineyen sou zepòl li, kolonèl Mamady Doumbouya anonse disolisyon enstitisyon yo, sispansyon konstitisyon an epi kreyasyon yon komite nasyonal pou redresman ak devlopman.

Pi lwen, kolonèl la pwomèt yon dyalòg kote tout moun ak ka bay dizon yo nan lide pou ekri yon lòt konstitisyon, daprè sa RFI rapòte.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …