AYITI/ ANVIWONMAN : PLIZYÈ PLAJ NAN GRAN SID PEYI A SAL AK FATRA.

Plizyè plaj ki gen lanmè Gran Sid peyi a sal ak fatra daprè konsta jounalis Echo Jounal, fè jounen dimanch 4 Septanb 2021 an. Kèk moun ki te vin pran plezi nan divès plaj nan Gran Sid la, te twouve yo nan gwo difikilte akoz fatra ki sanble tèt koupe ak raje ki ap taye banda sou lanmè a.

Selon enfòmasyon kèk nan moun ki ap jere plaj yo pataje ak Echo Jounal, fè konnen depi koumansman wikenn lan yo konstate yon bann fatra ki sanble tèt koupe ak raje anvayi tout lanmè a epi espas plaj yo ap dirije a, malgre yo pwòpte espas yo yo tounen sal ankò.

Sou bò pa yo, kèk moun ki te vin pran plezi di se pou premye fwa yo wè sa e poze kesyon kisa ki lakoz fatra sa yo anvayi lanmè a e pwofite mande ak ministè anviwonman pou vin fè yon vizit enspeksyon sou fatra sa ki sanble tèt koupe ak raje.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …