LEMOND/MANIFESTASYON:PLIZYÈ MILYE GINEYEN PRAN LARI POU MANIFESTE KONTANTMAN YO APRÈ YON KOUDETA .

Nan lide pou eksprime kontantman yo,plizyè milye gineyen manifeste nan lari konakry aprè koudeta Alpha Condé a.

Gwoup fòs espesyal(GPS) ki nan tèt li Mamady Doumbaya mete lapat sou prezidan Alpha condé a dimanch 5 septanm 2021 an sitiyasyon sa ki lakoz plizyè sitwayen nan peyi Giné, pile beton an nan konakry pou selebre gran viktwa sa.

« Nou nan lari a pou eskprime kè kontan nou,nap soufri depi lontan,avek pasyans nou,nou rive pote viktwa Jodi a »nap site deklarasyon Yon abitan konakry.

« Devwa Yon solda se sove peyi li « daprè eksplikasyon kolonel Mamady Doumbaya ki anonse yo pral travay pou mete sou pye yon gouvenman tranzisyon aprè Alpha Condé fin tonbe anba koudeta.

Nap sinyale sa fè anviron 11 lane depi chef leta Alpha Condé ap dirije peyi Gine

Marie Wanide Nencha Vernois

Kredi foto:tereza Medya

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …