AYITI/ ASASINA:  » SA FÈ 2 MWA YO KRAZE TOUT ZO PREZIDAN JOVENEL. YO FÈL POU YO DI NOU TÈT KANA PAGEN DWA MONTE TAB », PAWÒL ANSYÈN PREMYE DAM MARTINE MOÏSE.

De (2) mwa, depi mèsenè blan ak ayisyen te rantre lakay ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse epi asasinenl nan aswè sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 an, jiska prezan anyen poko klè sou asasinay ansyen prezidan an.

Nan yon Twit, byen bonè maten madi sèt (7) Septanb 2021 an, ansyèn premye dam repiblik la Martine Moïse deklare  » Sa fè de (2) mwa yo kraze tout zo prezidan Jovenel. Yo fèl pou yo di noi tèt kana pagen dwa monte tab. Yo fèl pou yo di moun ki sòti lwen lwen lwen yo pagen dwa pran sant lavi miyò. Se pou sa jodi a n ap makònen vwa nou ak vwa pèp la poun kontinye mande jistis pou prezidan Jovenel ».

N ap raple, nan yon deklarasyon ansyen konseye ansyen prezidan Jovenel Moïse, Patrick Crispen, lonje dwèt joudal sou premye minis Ariel Henry ki sanble trayi Jovenel ki ap travay kout ke kout pou fè okenn moun pa konnen ki mò ki touye ansyen chèf Leta.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …