AYITI /JISTIS: KOMISÈ GOUVÈNMAN AN PÒTOPRENS LAN MANDE DIGICEL POU REVELE APÈL JOSEPH FELIX BADYO AK ARIEL HENRY

Nan lide pou rapouswiv ak anket yo sou asasina ansyen chef leta Jovenel Moïse,komisè gouvenman tribinal pòtoprens lan Berd-Ford Claude egzije direksyon Jeneral Digicel la pou retrase tout apel teleon premye minis Ariel Henry ak Joseph Félix Badio sòti Premye pou rive 15 jiyè 2021 pase a.

Komisè gouvenman adrese ak Direktè jenaral Digicel la Marteen Boote,nan lide pou verifye kek nouvel enfòmasyon ki sòti bò kote rezo nasyonal pou defans dwa moun sou lanmò ansyen prezidan,ak Yon plent òganizasyon VIV AYITI depoze kont 2 Moun sa yo, li enpòtan pou gen Yon limyè ki fèt sou tou apel Premye Minis Ariel
Henry ak Joseph Félix Badio.

Nan yon lèt komisè gouvènman premyè enstans pòtoprens lan voye bay Martin Boute pou li mande pou enstitisyon lap dirije an Ki se Digicel poul revele apèl Ariel Henry Ki se premye minis peyi an te fè avèk Joseph Félix Badio te fè nan dat 1er jiyè 2021 pou rive 15 jiyè 2021 sou nimewo sa yo 38767107 ak 3732-2076.

Demand sa fèt apre Rezo Nasyonal Kap Defann Dwa Moun yo Ki gen pou sig fransè (RNDDH) te fè yon rapò sou dosye asasinay prezidan Jovenel Moïse Ki te mouri nan dat 8 jiyè 2021 an nan rezidans prive li peleren 5.

Claude Bed Ford bay Digicel yon delè 48 è de tan pou li bay apèl Ki te fèt nan delè sa sou nimewo sa yo kise nimewo PM an ak prezime asasen ansyen prezidan peyi an.

Nap raple òganizasyon viv ayiti Ki gen Rony Timothée ak kèk lòt Gwo tèt nan li te pote yon plent kont Chef Primati an pou mande Jistis pou ansyen Prezidan peyi an Jovenel Moïse.

Marie Wanide Nencha Vernois

Jocelyn Couyoute

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …