AYITI/KIDNAPIN : ANLÈVMAN MADAM MARIE ANGE BÉRIL, « NOS PETITS FRÈRES ET SŒURS » ANONSE YO FÈMEN TOUT ENSTITISYON YO NAN PEYI A

Nèg ak zam kidnape  lendi 6 septanm 2021 an madam Marie Ange Béril, yon zak anlèvman ki leve plim sou do « nos petits frères et sœurs ».

Nan lide pou pwoteste kont zak anlèvman ki fèt sou madam Marie Ange Béril, òganizasyon « nos petits frères et sœurs » anonse yo fèmen tout enstitisyon yo gen nan peyi a.

Prèske chak jou gen plizyè ka kidnapin deklare ki fèt nan peyi a. Gen moun yo kidnape sa pa fè bri nan bri nan laprès, sepandan, sa ki sèten, ka kidnapin yo pa sispann simen laperèz ak mete dlo nan je popilasyon ayisyen an alòske, jiskaprezan, Lajistis ak Lapolis toujou poko kapab rezoud fenomèm kidnapin nan.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …