AYITI/POLITIK: YON DYALOG ANT TOUT AYISYEN SE SEL SOLISYON KRIZ LA NAN PEYI A, POZISYON PATI POLITIK PLANSPA.

Pati politik PLANSPA ki gen nan tèt Dieudonné l’hérisson pote soutyen ak idè pou rasanble tout akò yo sitou akò montana nan lide pou pote solisyon ak kriz politik kap taye banda nan peyi a.

Nan Yon konferans pou la près Madi 7 septanm 2021an, prezidan pati politik PLANSPA Dieudonné l’hérisson fè kwè sèl nan chemen dyalòg nou ka reyisi jwenn Yon solisyon ak tout pwoblèm peyi a ap fè fas, tankou ensekiritè, kidnapin…

Yon lòt kote Dieudonné l’hérisson egzije pouvwa an plas la òganize eleksyon yo prese, prese kap pèmèt leta rekadre epi monte Yon plan rekonstriskyon pou gran sid la ki te frape nan tranblemann 14 dawout pase a.

Pou fini prezidan pati politik PLANSPA mande Premye minis Ariel Henry pou manifeste volonte pou pèmèt chèf leta Jovenel Moïse ki gen anviron 2 mwa depi yo te asasinel jwen jistis, li fè konnen tou pati PLANSPA ak alye li yo pral depoze san pèdi tan Yon petisyon ISPAN kap vize tranfòme Rezidans prive ansyen prezidan kom Yon lye sakre ki ap rete nan memwa tout pèp ayisyen an.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …