AYITI/ ENSEKIRITE: MÈT PONP GAZ YO KI NAN « ANAPROS » ANONSE YO AP FÈMEN PÒT YO APRÈ ASASINAY YOUN NAN MANM YO.

Asosiyasyon Nasyonal Pwopriyetè Estasyon gaz (ANAPROS), anonse yo ap fèmen tout ponp ki fè pati asosiyasyon an jounen vandredi 10 Septanb 2021 an, pou pwoteste kont zak ensekirite a ak asasinay youn nan manm Jose Pablo Sylvain.

Pòt pawòl, trezorye ANAPROS la Marck Antoine Nesir, fè konnen yo pran desizyon pou fèmen ponp yo se pou kapab pwoteste kont asasinay Pwopriyetè ponp Jose Pablo Sylvain, nan Santo jounen jedi 9 Septanb 2021 an ak denonse zak ensekirite k ap taye banda nan rejyon metwopolitèn pòtoprens lan.

Nou ap siyale, bandi ak gwo zam tap tante kidnape jounen jedi 9 Septanb 2021 an, Jose Pablo Sylvain kote li t ap fè rezistans a bandi yo te deside retire lavil.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …