ASASINA JOVENEL MOÏSE : OFIS PWOTEKSYON SITWAYEN (OPC) MANDE ARIEL HENRY POU LI DEMISYONE.

_Nan yon nòt ofis pwoteksyon sitwayen mete deyò jounen samdi 11 sektanm 2021 an, li mande pou Ariel Henry, premye minis ayisyen an remèt demisyon li epi pou li mete li aladispozisyon lajistis._

« OPC, Enstitisyon nasyonal endepandan nan pwomosyon ak pwoteksyon dwa moun aprann avèk anpil endinyasyon, konfimasyon apèl telefonik bò kote konpayi Digicel sou demann komisè gouvènman Pòtopens lan ant Ariel Henry ak Joseph Badio Félix, youn nan prezime asasen Jovenel Moïse yo », ekri nan nòt la.

Ofis pwoteksyon sitwayen fè konnen li revolte e sidere apre konfimasyon done sa yo epi mande touswuit demisyon premye minis ayisyen an, Ariel Henry.

« Pou laverite ak pou ankèt ki tanmen sou asasina Jovenel Moïse la ka kontinye Ariel Henry dwe demisyone pi rapid posib epi mete li aladispozisyon lajistis », egzije òganis k ap fè pwomosyon ak defann dwa moun nan.

« OPC mande ak òganis entènasyonal yo tankou OEA, CORE GROUP ak peyi ki di yo zanmi peyi Dayiti yo pou evite sipòte Ariel Henry paske premye minis vin youn nan sispè nan asasina Jovenel Moïse la », daprè demann OPC.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …