AYITI /SEKIRITE : LAPOLIS NAN DEPATMAN GRANDANS MENNEN YON GWO OPERASYON NAN KOMIN DAMMARI.

Nan dezyèm seksyon dezòmo nan komin Dammari lapolis nan depatman Grandans mennen yon operasyon gason pa kanpe kote yo rive touye 6 prezime bandi epi sezi 2 zam yon fizi daso kalib M16 ak yon fizi kalib 38 jedi 9 septanb 2021 an.

Aprè  operasyon sa lapolis mennen sou wout Dammari pou ale chanbelan, popilasyon dammaryèn lan ki tap moute yon kalvè pa do anba gang sa bat bravo la kontantman pou polisye yo ki prèske kraze gang sa ki te prèske fè komin lan pèdi repitasyon li.

Gwoup gang sa te espesyalize yo nan vyòl, brakaj fouye moun lè yo sot nan bank jeremi, fouye machin ki pote madan sara ki pral Jeremi.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …