AYITI/KILTI: MINISTÈ KILTI AK KOMINIKASYON VOYE FLÈ POU PÈFÒMANS EROL JOSUÉ NAN LINCOLN CENTER A NAN NEW YORK.

_Nan yon nòt ministè kilti ak kominikasyon fè soti jounen lendi 13 sektanm 2021 an, li voye flè pou kalte prestasyon Erol Josué bay nan Lincoln Center a ki chita kòl nan peyi Etazini, patiklyèman nan vil New York._

« Ministè kilti ak kominikasyon salye avèk antouzias pèfòmans konpatriyòt nou, atis e prèt vodou, Erol Josué sou sèn Lincoln Center a nan New York », li nan nòt la. » Bèl prestasyon sa dimanch 12 sektanm 2021 an tradui, nan jestyèl e ekspresivite atistik chantè a, tout senbolis vodou ayisyen an, nan sa l genyen kòm siblim ak pwofondè senkretik », kontinye nòt la.

Ministè kilti ak kominikasyon, pi lwen, wete chapo l douvan talan eksepsyonèl atis la e demach ekstrawòdinè li tanmen pou valorize vodou ayisyen an.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …