AYITI/ IJAN/ DÈY: YOUN NAN AJAN EGZEKITIF KOMIN PAYAN FÈ VWÈL POU PEYI SAN CHAPO.

Prezidan komisyon minisipal ajan egzekitif enterimè komin Payan, Jude Brice, mouri maten madi 14 Septanb 2021 an lakay li nan Komin Payan.

Ansyen majistra komin Payan ki te pase 4 lane kòm majistra eli komin lan epi egzekitif la la te rekondwil kòm ajan egzekitif enterimè mouri maten 14 Septanb 2021 an, daprè sa Echo Jounal aprann.

Nou ap siyale, ansyen majistra Jude Brice, te eli anbanyè pati politik Ayiti An Aksyon (AAA) nan eleksyon 2015 yo, pou kounye a fanmi majistra ap rete tann otorite nan Lapolis ak Lajistis pou ka fè konsta kadav la.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …