AYITI/POLITIK: REZO PEYIZAN AYISYEN (RPA), ANONSE YO SIYEN AKÒ PREMYE MINIS ARIEL HENRY.

Nan yon konferans pou laprès jounen jedi 16 Septanb 2021 an, Rezo Peyizan Ayisyen (RPA) fè konnen yo siyen akò 11 Septanb lan ak premye minis ayisyen Ariel Henry ki pote non nan  » gouvènans apeze ak efikas ».

Kòdonatè nasyonal rezo peyizan ( RPA), Ramilus Bolivar, fè konnen Rezo nasyonal Ayisyen pran desizyon sa pou siyen akò ak chèf gouvènman Ariel Henry nan lide pou kapab mete yon bout ak kriz aktyèl la ki dire twò lontan, daprè Ramilus Bolivar. Pilwen, ansyen palmantè depite a ki kwè akò sa pral pèmèt popilasyon an rale yon souf nan ensekirite a, fenomèn kidnapin lan, peyi bloke ak soulaje sitiyasyon ekonomik lan.

Pou fini, kòdonatè Rezo nasyonal Peyizan Ayisyen (RPA), Ramilus Bolivar, ankouraje tout lòt sektè yo pou kapab rejwenn akò premye minis ayisyen an doktè Ariel Henry yon fason pou pèmèt popilasyon an ak peyi a rale yon souf nan kriz la.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …