LEMOND/DÈY: YON ANSYEN PREZIDAN PEYI ALJERI FÈ VWÈL POU PEYI SAN CHAPO

Ansyen prezidan peyi Aljeri, Abdelaziz Bouteflika, mouri vandredi 17 septanm 2021 pandan li te gen 84 lane sou tèt li, enfòme nan yon kominike laprezidans mete deyò._

Ansyen prezidan Abdelaziz Bouteflika, ki tap soufri ak maladi aksidan vaskilè serebral (AVC) depi lane 2013, mouri lakay li jounen vandredi 17 Septanb lan, daprè sa chèn televizyon prive  » El Hayet » TV presize.

Ansyen prezidan Bouteflika, te kite pouvwa nan mwa avril 2019 aprè plizyè mwa mobilizasyon kite gen kont gouvènay li nan tèt Leta aljeryen te lakoz ansyen chèf Leta te demisyone epi al viv lakay li nan « Zeralda », nan lwès peyi Aljeri.

Nap fè siyale, ansyen prezidan Abdelaziz Bouteflika, te pran 4 manda youn dèyè lòt ap dirije peyi Aljeri.

Dieuva Occidor

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:Nbc

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …