Eleksyon lejislatif yo ki tap reyalize 17,18 ak dimanch 19 Septanm 2021 an, nan peyi la Risi premye sondaj yo montre pati politik « Kremlyn », pati prezidan Vladimir Poutine lan ranpòte pifò pòs yo.
Selon premye rezilta ki kominike sou pousantaj kontaj vòt yo montre pati Poutine lan, genyen 39 % vòt yo, kontaj ki fèt sou plis pase 10 % biwo vòt yo. Manm komisyon elektoral yo, ki bay yon rezilta pwovizwa nan kantite vòt yo rive konte kote yo konstate pati « Russe Unie » fè 39 % vòt yo, li depase pati kominis » KPRF » ki fè (24,67 % ). Pati Nasyonalis LDPR ( 9,4 % ), epi » Nouvelles personnes » fè (7,7 % ), ak pati Santris Risi ki fè (6,8 % ).
Nou ap siyale, eleksyon yo ki te oblije fèt sou 3 jou akoz maladi kowonaviris la ki ap ravaje mond lan. Pou pi piti 108 milyon elektè te al vote nan eleksyon an.
Dieuva Occidor