FOUTBÒL/ ENTÈNASYONAL: YON SIPÈSTA BREZILYEN KONFIME LI ANSENT NYÈS ANSYEN MADAN M LI.

Sipèsta brezilyen an, Hulk, konfime li ansent nyès ansyen madan m li. « M sèlman ka di Bondye mèsi pou sa ». Foutbolè brezilyen an deklare li ansent nyès ansyen madanm li. 12 jiyè 2019 Hulk kite ak madanm li. Apre de twa mwa, ansyen entènasyonal brezilyen an kòmanse ap soti ak nyès madanm li.

Nan epòk sa, gen yon reprezantan jwè a ki te deklare nan yon jounal brezilyen Hulk nan yon pozisyon kote pou l toujou di laverite ; pou l transparan nan sousi pou evite manti ak vye pawòl.

« Raple nou maryaj brezilyen an te rive nan fen li nan mwa jiyè e Carmelia [fanm li fèk genyen an, nyès la] te gentan separe ak mari l depi plizyè mwa. « Koup la marya nan lane 2020 an e kounya Carmelia ansent pou Hulk ».

Poste sou enstagram, fanm 35 lane a deklare : » Se avèk yon kè ki gen anpil gratitd anvè Bondye m vin pataje avèk nou pou yon katriyèm fwa m beni avèk yon lòt timoun. Kè m kontan e se sèl sa m ka di Bondye se mèsi. N ap tann ou avèk enpasyans, vini ak anpil santé bebe m ».

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …