AYITI/SEKIRITE: LAPOLIS PREZANTE BILAN OPERASYON YO MENNEN SOTI PREMYE DAWOUT POU RIVE 20 SEPTANM.

Pòt pawòl enstitisyon polisyè a Marie Michel Verrier prezante bilan arestasyon la polis fè nan kad operasyon « mache pran yo »sòti premye dawout pou rive 20 septanm 2021 an.

Nan Yon konferans pou laprès mèkredi 22 septanm lan, Marie Michel Verrier fè konnen, la polis arete 1250 moun, 21 machin, 3 kamyon, 54 motosiklèt sezi. Daprè deklarasyon pòt pawòl la polis la 1250 sitwayen sa yo akize kòm asosyasyon malfetè, zak vyolans, vòl, posesyon zam ilegal. Pami yo genyen 4 sispèk pou enplikasyon nan Kidnapin.

Nan kad menm operasyon sa, lapolis touye 6 bandi, epi sezi 2 zam nan jeremi. Sòti 17 septanm pou rive 22 septanm 2021 an, nan komin kwadèboukè kote bandi ak zam ap fè la lwa depi plizyè semèn, lapolis mennen operasyon, 35 moto sezi ak 45 entèpelasyon, Plizyè bandi pèdi lavi yo, Yon ajan polisye blese.

Nan depatman sid, chenet Destiné, Ronaldo Jusma,Paulguest Forestard se non twa bandi sa yo ki envite pou Al reponn kesyon devan lajistis avan ekzekisyon.

Ajan brigad kont trafik stipefyan (BLTS) arete 5 endividi pou trafik kokayin ak marigwana.

Pi lwen Pòt pawòl la polis nasyonal la fè konnen direksyon santranl polis routyè a (DCPR) mobilize pou asire sekirité elèv yo pou ouvèti klas yo.

Pou fini Marie Michel Verrier fè konnen (DCPR) ap pran sanksyon kont tout chofè ki pare pou vyole prensip sikilasyon yo.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …