AYITI/ENSEKIRITE : NÈG AK ZAM ATAKE YON JOUNALIS RADYO TELEVIZYON KARAYIB

Nèg ak zam atake Winchel Adrien, jounalis Radyo Televizyon Karayib, jounen samdi 25 sektanm 2021 an nan maten, nan zòn Dèlma 29. Sepandan, jounalis la soti sen e sof, li pa gen anyen.

Machin jounalis la resevwa de (2) katouch. Youn nan soukote dwat la kraze nèt ak yon pòt kote chofe a chita a, rapòte kolaboratè Winchel Adrien nan Radyo Televizyon Karayib, Luckenson Saint-Vil.

Selon sa jounalis la esplike kolaboratè li a, li pa pran katouch, li sen e sof.

Sityasyon ensekirite k ap taye banda nan peyi a bay gwo kè kase nan mitan popilasyon an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …