AYITI/ENSEKIRITE: NÈG AK ZAM ATAKE PREMYE EGLIZ BATIS, YON DYAK MOURI E MADANM LI KIDNAPE

Nèg ak zam asasinen Sylner Lafaille, dyak premye legliz baptis epi kidnape madanm li jounen dimanch 26 sektanm 2021 an. Aksyon sa pase pandan dyak la ak madanm li ta pral rantre legliz la pou asiste ak premye kil adorasyon 6è a dimanch maten an.

Sityasyon ensekirite ki ap taye banda nan peyi a ap vin pi malouk chak jou ki pase. Nan pi piti pase 48è gen pou piti 10 ka kidnapin ki anrejistre nan peyi a, patiklyèman nan rejyon metwopolitèn nan, daprè enfòmasyon pwòch yo bay nan laprès.

Alòske nèg ak zam ap simen dèy nan mitan popilasyon an, otorite Lapolis yo, bò kote pa yo, jiskaprezan enpisan parapò ak tout sa k ap pase nan peyi a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …