AYITI/KILTI: AVÈK « OPERA POUSSIÈRE », JEAN D’AMÉRIQUE RANPÒTE PRI TEYAT RFI 2021

_Jean D’Amérique, powèt ayisyen 26 lane, ranpòte pri prestijye RFI Teyat 2021 jounen dimanch 26 septanm 2021 an pou pyès li a ki rele « Opéra poussière »._

Jean D’Amérique se youn nan ekriven ayisyen ki kontinye ap fè fyète peyi Dayiti nan domèn literè. Jounen dimanch 26 septanm nan, li vini premye ayisyen ki ranpòte pri RFI Teyat 2021 an, sa ki se yon gwo eksplwa pou Ayiti e pou Jean D’Amérique.

« Opéra poussière », pyès li ranpòte pri a, rakonte istwa Sanite Bélair, figi rezistans nan batay antikolonyalis la anpil moun pa twò konnen nan istwa peyi Dayiti.

« Sanite Bélair se yon rezistant antikolonyalis ayisyen. Li te angaje l nan batay byen nan batay ki t ap fèt kont esklavaj an Ayiti nan fen XVIII syèk yo. Sòlda fransè yo ta pral mete men sou li an oktòb 1802. Nan epòk sa, gason rebèl yo kenbe yo dwe fiziye alòske fanm yo dwe dekapite. Sanite Bélair ta pral refize yo dekapite l e yo fini pa fiziye l. M te twouve nan aksyon sa yo zak politik ki fò anpil. Se depi lè sa m entèrese ak istwa l pou eseye fè konnen istwa l », deklare Jean D’Amérique.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …