AYITI/FIGI LARI A: MEN KIJAN PÒTOPRENS LEVE POU MATEN LENDI 27 SEPTANM 2021 AN NAN KÈK ZÒN.

Pou jounen lendi 27 septanm 2021 an, Pòtoprens leve nan yon gwo blakawout nan plizyè zòn tankou Dèlma, lali, Bwavèna, Kwadèboukè poun site sa yo.

Sityasyon an nòmal si yon moun ap soti « Petion ville » pou rive avyasyon, li nòmal tou si yon moun ap pase pa kanapevè men li difisil pou moun ki pral pase zòn bò Natcom nan nivo bò enstiti fransè ki gen kèk barikad ke lapolis ap eseye retire, se menm kad vigi sou Lali. (4h:28)

Sityasyon an parèt sispèk nan nan zòn Granri men gen machin ki kòmanse parèt tèt yo, nan zòn pòtay se menm kad figi a kèk machin kap soti epi antre nan sid peyi a pandan youn ap kominike ak lòt pou yo konnen kijan sa ye. (4h:16)

Nan zòn Kwadèboukè sikilasyon an parèt timid poko gen twòp machin ni moun nan lari a (4h:36 Am) epi blakawout tèt chaje

Nan zòn Dwouya pou ale Bon repo ak kèk lòt kote nan nò peyi a, se gwo blakawout sikilasyon an ap fèt san twòp difikilte, wout la pa bon nan nivo lèw pral pran epi kite meri site solèy, li pa bon kazo de sou komisarya a (4h05)

Zòn wout frè sikilasyon an ap fèt men pa gen anpil machin, ti machann yo kòmanse pran lari a pou al chache lamanjay (5h03).

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …