AYITI/ GAZ: OPERASYON SEZI GAZ KAP VANN NAN GALON NAN JIRIDIKSYON MIRAGWÀN

Komisè gouvènman jiridiksyon Miragwàn lan, Jean Ernest Muscadin, tanmen jounen lendi 27 septanm 2021 an yon operasyon sezi gaz kap vann pa ti  gout nan galon.

Chèf pakè Miragwàn lan, fè konnen operasyon sa rantre nan kad pou batay kont mache nwa ak vann gaz nan galon pri li pa vann nan ponp yo.

Pilwen, komisè Muscadin, ki lanse yon pinga bay tout ponpis ak direktè ponp yo pou pa vann gaz nan galon depi li kwaze ak yo lap aplike lalwa kont yo.

Fòk nou di, mèt Muscadin, ki te tanmen operasyon sa a nan komin Miragwàn, Payan ak komin Tirivyè Nip kote galon gaz la te gentan vann pou pi piti 700 goud, (140$) ayisyen.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …