AYITI/ KIDNAPIN: ANSYEN JOUNALIS TELEVIZYON KISKEYA MARIE FRANTZIE SIMÉON LIBERE.

Ansyen animatris kiltirèl sou radyo televizyon Kiskeya, Marie Frantzie Siméon, te kidnape 23 septanm lan jwenn liberasyon li jounen dimanch 26 septanm 2021 an, selon enfòmasyon Echo jounal, rekeyi nan men yon pwòch jounalis la.

Ansyen animatris emisyon « Zile Variété » a, Marie Frantzie Siméon, nèg ak zam te kidnape l nan komin Pòtoprens, nan avni Kristòf, touprè Ri 3, jwenn liberasyon li san yo pa revele kantite lajan li bay ak kidnapè yo pou kapab libere l.

N ap siyale, zak ensekirite yo, fenomèn kidnapin lan kontinye ap fè konte viktim nèg ak gwo zam touye jounen dimanch 26 septanm lan dyak premye legliz Batis, Sylner Lafaille, epi kidnape madanm li.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …