AYITI/POLITIK/ZEN: RCH 2000 KANPE EMISYON »BRASE LIDE » MÈT MORIN KONN PREZANTE A

_Nan yon lèt RCH 2000 adrese ak mèt Morin nan deyò 27 septanm 2021 an, direksyon pwogramasyon radyo a fè konnen yo kanpe emisyon « Brase Lide » li te konn prezante a pou rezon etik pwofesyonèl ak vyolasyon prensip administrasyon an._

« Direksyon pwogramasyon radyo kominote ayisyèn 2000, RCH 2000, (…) enfòmè ou emisyon Brase Lide a kanpe pou mank etik pwofesyonèl ak vyolasyon prensip administrasyon an », ekri RCH 2000 nan yon lèt ki adrese ak mèt Morin, youn nan prezantè emisyon Brase Lide a.

Administrasyon RCH 2000 fè konnen, aprè yon mwa absans san mèt Morin pa bay yon esplikasyon valab e fòmèl, direksyon pwogramasyon radyo a obljie pran yon desizyon annatandan eka a korije.

Anplis li jounalis-prezantè, mèt Morin se tou direktè jeneral radyo RCH 2000. Jeneralman, se li menm ak Osnel Jean Baptiste ki konn prezante emisyon sa Brase Lide a.

Moun ki siyen lèt ki adrese ak mèt Morin pou kanpe emisyon Brase Lide a se prezidan direktè jeneral radyo RCH 2000, mesye Lebrun SAINT HUBERT.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …