AYITI/KIDNAPIN: MARIE MARTHE LAURENT LAFAILLE JWENN LIBERASYON LI NAN MEN BANDI YO

Selon yon responsab nan premye legliz batis pòtoprens, Marie Marthe Laurent Lafaille jwenn liberasyon li nan lannuit 30 septanm 2021 an, kote bandi yo pran yon kantite kòb nan men fanmi viktim lan pou yo ka libere li.

Pandan madam lan jwenn liberasyon li anba men ravisè yo poutan mari li ap glase nan glas kote menm ravisè sa yo te pote lavi djak la ale pandan yo tap kidnape mandanm li douvan de nawèl li dimanch 26 avril 2021 an.

Nap raple, sektè pwotestan an menase kanpe tout aktivite yo jodi vandredi premye oktob 2021 an epi mande tout kretyen pou yo abiye blan ak wouj dimanch 3 oktob 2021 nan lide pou pote solidarite yo ak viktim lan epi mande mouche leta pou bay sekirite nan tout peyi a.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …