AYITI/ ENSEKIRITE : YON POLISYE UDMO TONBE, YON LÒT BLESE E YON CHA BOULE NAN MATISAN

_Lapolis Nasyonal Dayiti ak Léon Charles nan tèt enstitisyon an yon lòt fwa ankò pèdi polisye devan nèg ak zam nan rantre sid kapital la. Yon polisye UDMO mouri ak yon lòt blese e yon cha blennde Lapolis boule aprè yon atak nèg ak zam nan Matisan fè sou fòs lòd yo vandredi 1 oktòb 2021 an nan aswè._

Lapolis Nasyonal Dayiti an dèy. Nèg ak zam nan Matisan touye yon ajan UDMO e yo blese yon lòt apre yo mete dife nan yon cha blennde Lapolis ki te anpàn nan Matisan vandredi 1 oktòb 2021 an nan aswè.

Malgre demann ranfò polisye ki te nan cha ki te anpàn nan te lanse yo, sa pa anpeche gen yon polisye UDMO ki tonbe anba bal bandi nan Matisan.

Sa fè yon dezyèm fwa Lapolis Nasyonal Dayiti bwè dlo bouch li anfas nèg ak zam nan rantre sid kapital la, premye fwa a se te lè, toujou avèk Léon Charles nan tèt enstitisyon an, gen operasyon fòs lòd yo te lanse nan Vilaj de dye 12 mas ki sot pase a kote te gen pou piti 5 polisye ki te tonbe.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …