LEMOND/ KATASTWÒF: NÈF (9) MOUN MOURI NAN PEYI IRAN AK GÒLF OMAN PANDAN PASAJ SIKLÒN  » SHAHEEN »

Bilan pasaj siklòn twopikal « Shaheen », frape peyi Iran ak gòlf « Oman » lakoz 9 moun mouri nan inondasyon alèt deja dekrete sou Emirat arab ini.

Nan gòlf Oman, siklòn « Shaheen » pase ak yon vitès van 139 km/h ki frape kapital la « Mascate », plizyè ri inonde sa ki lakoz otorite yo deklare jounen dimanch ak lendi kòm jou ferye parapò ak menas siklòn lan kontinye ap fè.

Nan peyi Iran, sis (6) moun mouri nan pwovens « Sistan-Balouchistan » ki nan sidès peyi a, daprè deklarasyon vis prezidan palman an Ali Nikzad, ki presize daprè enfòmasyon yo episant siklòn lan te a 220 kilomèt nan pwovens lan.  » plizyè enfrastrikti wout, enstalasyon elektrik yo an domaje », selon gouvènè Hossein Modarres-Khiabani.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …