AYITI/ASASINAY: MINIS AFÈ ETRANJÈ A MANDE JISTIS POU PREZIDAN JOVENEL MOÏSE SOU TRIBIN NASYON ZINI.

Minis afè etranjè a doktè Claude JOSEPH, mande jistis pou prezidan Jovenel Moïse sou tribin konsèy sekirite nasyon ini (ONU) lendi 4 oktòb 2021 an.

Pilwen, li fè konnen gouvènman ARIEL HENRY a manifeste volonte li pou li bay ansyen chèf leta a Jovenel Moïse jistis, aprè lanmò krapile li pran anba men bandi san fwa ni lwa nan lannuit 6, 7 jiyè 2021 an nan rezidans prive li nan pèleren 5.

Alòske, se menm premye minis sa chanchelye Ayisyen an ap pale ki gen volonte pou bay ansyen chèf leta a jistis la ki revoke minis jistis Rock- Feller Vincent ak komisè gouvènman pòtoprens lan mèt Bedford Claude, akoz komisè gouvènman an te mande li pou li vin bay esplikasyon konsènan plizyè apèl li plase avèk Félix Joseph Badio ki se prensipal moun lajistis di ki sispèk nan lanmò ansyen lokatè palè nasyonal la.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …