LEMONN/PRI NOBEL: ALMAN BENJAMIN LIST E AMERIKEN DAVID MACMILLAN RANPÒTE PRI NOBÈL CHIMI AN

_Jiri Stockholm rekonpanse 2 chèchè ki soti yo chak nan yon peyi diferan mèkredi 6 oktòb 2021 an pou rechèch yo fè kote yo rive mete sou pye yon pakèt metòd pou amelyore reyaksyon chimik yo._

Alman Benjamin List ak Ameriken David McMillan, 53 lane yo chak, rive fè diferans nan je jiri Stockholm nan pou zouti konstriksyon molekil « òganatokatalizè asimetrik » yo te devlope nan lane 2000.

Yon reyaksyon chimik fèt lè gen yon pakèt reyaktif ansanm. Yon katalizè se yon bagay ou ajoute ak reyaksyon sa a pou fè l vin pi pisan osnon pou dirije l. Sou baz sa, moun bezwen plis katalizè pou fè yon pakèt objè nan lavi yo chak jou. E se la, Benjamin List ak McMillan vin fè rantre yo.

Moun te panse, avan rechèch yo a, te gen de (2) fanmi katalizè men poutan yo devlope yon twazyèm ki se « òganokatilzè asimetrik ». Yo senp e yo pa koute anpil lajan pou pwodui.

De chèchè yo siksede jenetisyèm fransèz la Emmanuella Charpentier ak amerikèn nan Jennifer Doudna pou travay yo te fè ki te rele » Sizo molekilè », rapòte RFI.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …