LEMONN/LITERÈ: WOMANSYE AFRIKEN ABDURALZAK GURNAH RANPÒTE PRI NOBÈL LITERATI 2021 AN.

Abduralzak Gurnah, womansye tanzanyen ki gen 72 lane, ranpòte pri Nobèl literati 2021 an jounen jedi 7 oktòb 2021 a .

Yon eksplwa literè pou kontinan afriken an nan koze literati espesyalman pou ekriven afriken nwa yo. Avèk pri Nobèl li ranpòte a, ekriven Abduralzak Gurnah vini dezyèm ekriven afrik nwa nan listwa literati ki resevwa pri literè ki pi prestijye nan monn lan.

Fèt nan lane 1948 sou zile zanziba nan peyi Tanzani, Abduralzak Gurnah pral kite peyi kote li te fèt la pou l al refijye an Grand Bretay nan fen lane 1960 yo akoz te gen yon minorite mizilman yo t ap pèsekite.

Daprè jiri ki Stockholm nan, otè woman ki rele « Paradise » la resevwa pri a akoz resi li: « empathique et sans compromis des effets du colonialisme et le destin des réfugiés pris entre les cultures et les continents ». » Zèv li a louvri yon lòt rega sou Afrik Lès la kote ki gen anpil divèsite kiltirèl anpil pati nan monn lan pa byen konnen », daprè jiri a.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …