AYITI/KIDNAPIN:MOUVMAN PWOTESTASYON DELMA 28 AK PETYON VIL

Divès sitwayen manifeste nan Petyon vil espesyalman Montay nwa pou rive Kenskof.pwotestatè yo mete barikad nan wout sila nan lide pou egzije liberasyon yon sitwayen bandi ak zam kidnape nan zon sila.

Sikilasyon an te vreman paralize nan zòn laboul ak tomasen,sa ki lakoz elèv yo te nan gwo difikilte pou ale lekòl.

Yon lot kote divès sitwayen nan sektè pwotestan òganize yon mouvman pwotestasyon delma 28 nan lide pou egzije liberasyon pastè legliz metodis lib pak kretyen Éliodor Devariste bandi ak zam te kidnape samdi 9 oktòb ki sot pase a.

Ensekirite a kontinye ap fè wout li.alòske chak jou pòt pawol la polis la ap fè konnen la polis ap travay pou konbat ensekirite ak kidnapin nan.

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …