LEMOND/ JISTIS : PLIZYÈ ANSYEN GWO OTORITE KONDANE NAN PEYI ALJERIE PAMI YO YON TI FRÈ ANYSYEN PREZIDAN BOUTEFLIKA

Ti frè ansyen prezidan Abdelaziz Bouteflika, Saïd Bouteflika kondane jounen madi douz (12) oktòb 2021 an, pou li pase de (2) lane akoz move konpòtman li afiche nan travay ankèt lajistis nan peyi Aljeri.

Tribinal kriminèl « Dar El Beida », ki t ap tande dosye a repwoche ti frè ansyen prezidan Abdelaziz Bouteflika, Saïd Bouteflika pou enfraksyon sa yo ensitasyon falsifikasyon dokiman ofisyèl, abi nan fonksyon li, antrav lajistis ak outraj majistra.

Nan menm vèdik tribinal la, kondane ansyen minis jistis Tayeb Louch, pou li pase sis (6) lane nan prizon, òm dafè Ali Haddad, kondane pou li pase de (2) lane nan prizon ak braslè elektronik, se menm pèn sa ki kenbe pou ansyen enspektè jeneral ministè jistis Aljeri Tayeb Belhachemi.

Nap fè remake, aprè lanmò ansyen prezidan Abdelaziz Bouteflika, disèt (17) septanm lan lajistis nan peyi Aljeri tou pwofite kontinye ak seri ankèt ki t ap mennen sou rejim Bouteflika, ki te pou pi piti ven (20) lane ap dirije peyi Aljeri.

DIeuva Occidor

Kredi foto: afp

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …