ATLETIS FEMINEN/ KENYA : AGNES TIROP, 4e NAN JO TOKYO 2020 SOU 5000 M, MOURI ANBA KOUT KOUTO

Atlèt kenyèn Agnes Tirop, medaye bwonz nan mondyal 2017 e 2019 sou 10 000 m e 4e nan JO Tokyo yo sou 5000 m mouri anba kout kouto ak 25 lane sou tèt li, daprè enfòmasyon responsab espòtif kenyan yo mete deyò mèkredi 13 oktòb 2021 an._

Zetwal kap pwogrese nan atletis feminen an, Agnes Tirop ak 25 lane sou tèt li sot bat rekò dimonn 10 km sa gen yon mwa nan nan yon kous ki t ap fèt sèlman ak fanm nan 30 minit 01 segonn an Almay. Nan lane 2015 li te chanpyon dimonn cross country.

Yo jwenn Agnes Tirop mouri lakay li yon kote ki rele Iten, lwès peyi Kenya  kote li resevwa kout kouto nan abdomèn li.  » Peyi Kenya pèdi yon dyaman ki se te yon atlèt ki te pwogrese pi rapid sou sèn entènasyonal la parapò ak pèfòmans remakab li sou pis yo », ekri federasyon atletis nan peyi Kenya.

 » Nap travay pou nou fè limyè sou sikonstans li rive pèdi lavi li a », fè konnen federasyon an nan yon kominike.

Sepandan, Lapolis ap chache mari Tirop  daprè sa kòmandan distrik Keiyo a, Tom Makori.  » Se li menm ki pou di nou sa ki pase. Sispè a rele paran viktim lan pou li di li fè yon bagay ki mal », daprè Tom Makori.

Prezidan Kenya, Uhuru Kenyatta, bò kote pa li rann chanpyòn an  yon omaj nan yon kominike. » Li boulvèsan epi fè mal pou pèdi yon atlèt jenn, 25 lane, ki pwomèt nan nivo sa e ki deja fè fyète ak onè peyi a parapò ak eksplwa li fè sou pis yo. Agnes viktim yon zak kriminèl lach e egoyis », daprè sa l di.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto: afp

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …