LEMOND/ ATAK : PLIZYÈ MOUN MOURI AK LÒT BLESE NAN PEYI AFGANISTAN

Pou pi piti 41 moun mouri ak 50 lòt sòti blese nan yon atanta nan sware vandredi 15 oktòb 2021 an, nan yon moske nan vil « Kandahar », ki nan Sid peyi Afghanistan, yon semèn aprè yon atanta ki te fèt nan Nòdès peyi a.

Yon atanta òganizasyon Leta Islamik yo, revandike nan yon kominike yo pibliye sou chèn « Telegram », kote yo fè konnen se yo menm ki voye kamikaz la vin fè gwo eskplozyon sa nan moske a ki nan vil « Kandahar ».

« Premye kamikaz la, fè eksplozyon li an nan koulwa moske a, alòske lòt la eskploze nan mitan moske a », selon esplikasyon gwoup Jadis yo deklare.

Yon aksyon pòt pawòl ministè enteryè Afganistan Qari Sayed Khosti, kondane nan yon Twit kote li deklare » nou tris anpil lè nou aprann yon eksplozyon fèt nan yon moske nan vil « Kandahar », kote plizyè konpatriyòt nou sòti blese ak pèdi lavi yo ».

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …