LEMONN/ESTA: GINETTE RENO POKO KITE LOPITAL LA.

_Vedèt kanadyèn nan, Ginette Reno, apre l te fin viktim yon malèz mèkredi 13 oktòb 2021 an kote li te nan swen entansif nan lopital Pierre Boucher, jiskaprezan toujou nan lopital la daprè pitit fi li Natacha Watier._

Eta sante Ginette Reno estab pou kounya, sepandan li dwe rete nan lopital la pou fè lòt tès, daprè pitit fi l. » Li byen. Li chita. L ap jwe ak nou. L ap chante. Tout bagay anfòm ».

Atis 75 lane a pa t gen okenn espektak li te gen pou l te patisipe ni okenn aktivite pwofesyonèl. « Li jis anvi ale Florid. Sa gen de (2) lane depi li pa ale », fè konnen Natacha Watier.

N ap raple Ginette Reno te viktim yon malèz kadyak an janvye 2014 pandan li tal pase de twa (2,3) jou nan vil Florid, daprè La presse.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …