AYITI/GRÈV: TOUT AKTIVITE YO PARALIZE NAN DEPATMAN LWÈS

Grèv sektè transpò ak sendika transpò yo te lanse nan tout peyi pran a 80%. Sa lakoz anpil antrepriz pa fonksyone nan zòn Metwopolitèn lan, akoz anplwaye yo pa ka jwenn machin pou vin travay.

Byen bonè maten lendi 18 oktòb 2021 an, tout pòt lekòl te ret fèmen , lari a te blanch kèk grenn moun sèlman ki t ap pase ak kèk moto siklèt.

Plizyè pyeton deklare nan mikwo Echo Jouna, yo byen kontan grèv la paske ensekirite, pwoblèm gaz fè moun pa ka fè anyen nan peyi a, petèt mouche Leta ta tande ti moso larezon.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …