AYITI/KIDNAPIN: MADANM PASTÈ FERRER MICHEL MANDE LIBERASYON MARIL

Nan yon videyo ki ap sikile sou rezo sosyal yo, madanm Ferrer Michel akonpanye ak pitit li Vanesa Michel demanti enfòmasyon ki fè kwè pastè legliz JESUS CENTER a jwenn liberasyonl.

Daprè deklarasyon madanm pastè a ki kontinye ap mande liberasyon li, si vrèman pastè Ferrer Michel te libere se madanm li ak pitit li ki tap konnen avan.

Pi lwen madam ferrer Michel soulinye poul di pastè a se yon moun ki komanse antre nan laj, ki gen kèk ti konplikasyon nan sante li, ki ta mande poul pran medikaman, men depi peryòd zak anlèvman li pa pran medikaman sa yo.

Nap raple pastè legliz JESUS CENTER te anleve dimanch 3 oktòb 2021 an, andann legliz li delma 29.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …