DIGICEL/MON CASH: PDG DIGICEL LA MANDE POU MOUN KI PA DAKÒ OGMANTASYON PRI A POU YO AL JWENN YON LÒT KONKIRAN

« Si yo pa vle kliyan Digicel, yo gen chwa pou yo al jwenn yon konkiran. Nou se yon antrepriz prive. Nou pa enpoze anyen », deklare PDG DIGICEL la, Maarten Boute, sou radyo Magik 9 madi 19 oktòb 2021 an.

Desizyon konpayi telekominikasyon Digicel pran pou ogmante pri retrè ki gen pou wè ak sèvis Mon Cash la rantre an aplikasyon depi lendi 18 oktòb 2021, jan konpayi a te anonse l la. Pou yo te eksprime mekontantman yo, anpil moun, menm jou a te òganize yon sit-in devan lokal konpayi a ki chita kòl nan Tijo

« Nou sikjere ogmantasyon pri a, konsomatè a gen dwa pran l osnon li kapab ale jwenn yon konkiran si li jwenn pi bon pase sa », daprè mesye Maarten Boute avan li ajoute » konsomatè a ka retounen nan yon mezon transfè tradisyonèl. Desizyon sa yo enpòtan pou konpayi a kapab reziste ».

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …