AYITI/ENSEKIRITE : BANDI AK ZAM TIRE SOU MACHIN JIJ ENSTRIKSYON GARRY ORELIEN.

Jij enstriksyon tribinal premyè enstans pòtoprens lan mèt Garry Orelien sove de jistès anba bal bandi mal entansyone nan dèlma 95, kote bandi yo ouvè kout bal sou machin jij la.

Jij Orelien se jij ki ap kondwi dosye ansyen prezidan Jovenel Moïse nèg ak zam te touye nan lanwit 6 pou rive 7 jiyè lakay li menm.
Eske se pou entimide Jij la ki fè yo tire sou machin li an ? Pou limyè ka pa fèt sou dosye a

Nap raplew, menm jij Orelien sa pa twò lontan li sot tande Madam ansyen prezidan Jovenel Moïse nan kad zafè assasjinay ansyen prezidan Jovenel Moïse la.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …