AYITI/ POLITIK : SEKTÈ DEMOKRATIK LA METE GWO PRESYON SOU DO PM ARIEL HENRY POU L FÒME YON LÒT GOUVÈNMAN

Nan yon rankont ak laprès jounen mèkredi 20 oktòb 2021 an, manm ki rele tèt yo Sektè Demokratik ak Popilè (SDP), bay dat premye novanm ki ap vini la pou premye minis defakto Ariel Henry, respekte dil ou byen akò politik 11 septanm ki te siyen ant plizyè pati politik pami yo manm (SDP) yo.

Nan konferans pou laprès la, pòt vwa (SDP), mèt Andre Michel, bay ak premye minis Ariel Henry premye novanm pou fòme nouvo gouvènman an san pasa sektè pral pran beton an kont premye minis Ariel Henry.

N ap siyale, gen plizyè lòt manm siyatè akò 11 septanm lan, ki te kòmanse denonse mouvman oule nan farin premye minis Ariel Henry a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …